Atak ame kont yon patwouy lapolis nan Kafou

Written by on August 16, 2023

Vant Bef Info:/ Moun ame ki tap vwayaje sou motosiklèt atake yon patwouy lapolis madi aprèmidi nan distri Lamentin, komin Kafou. Enfòmasyon pèsonèl redaksyon Vant Bèf Info resevwa rapòte blese nan ran PNH la. Men, pou le moman, nou pa gen okenn evalyasyon

Kafou, 15 out 2023.– Yon klima tansyon ap domine nan katye Lamentin 52 ak 54 aprèmidi apre atak ame sa a.

Yo te tande kout zam otomatik. Rezidan yo te oblije pran refij pou yo pa viktim. Gen lòt ki te kouri kite kay ak biznis nan panik.

Blese ta anrejistre nan ran PNH la. Sepandan, pa gen okenn detay ki disponib kounye a.

Vant Bèf Info (VBI)


Current track

Title

Artist

Background